Nan emisyon ABC de l’Évangile jounen jodi an ki se Madi 13 jiyè 2021 an ak pastè Baudelais Denoyer se te yon kesyon de matirite espirityèl ki tap pale, nou twò bb, nou vin chetif, nou tèlman chetif gen desizyon nou paka pran, Jezi vini an granmoun, li antre nan tanp lan an granmoun, li fòme disip yo an granmoun, li mouri an granmoun li resisite an granmoun, li monte nan syèl an granmoun, l’ap retounen vin chèche nou an granmoun. Sa vle di pou nou mete granmoun sou nou.
Te gen anpil vèsè Biblik ki te pale tankou:
- Women 7 vèsè 14 a 25,
- Women 8 vèsè 9, men te gen yon liv ki te plus atire nou nan etid sa sete 1 korentyen 3 vèsè 1 a 3 al swiv ak atansyon, wap wè fòk ou mete granmoun nan granmoun ou espirityèlman.
BonDye beni nou, swiv avèk nou nan videyo sa.