DIMANCH 25 Jiyè 2021
Vèsè Biblik ki tap domine emisyon an sete Jan 4 vèsè 24.
Sijè an jodi an se: Adore BonDye “en Esprit et en verité”.
Emisyon Louanges à l’Eternel rantre lakay nou sou RTLA ak sè Kergoose Singer Gabriel ki te antre ak San Jezi ki bay lanmou, ki bay sajès ak limyè.
- Premye adorasyon an sete yon Konpilasyon la Sent sèn melanje ak yon “REÇOIS MON SACRIFICE”.
- Salmis Gregory Paul te nan kay lan ak yon chan “Lèw vle”.
- Panse jounen an tire nan liv:Som 59 vèsè 9. Kelkeswa sitiyasyon ki prezante devanw lan konfyew nan BonDye.
- Nap kontinye ak adorasyon e louwanj yo ak “That is who you are”
- li te kontinye ak yon priyè padon e gerizon.
- Epi li te fini ak pastè Claudy Jean nan yon louwanj.
Gade leve danse tande!