Piblikasyon

DIASPORA EN PRIÈRE POUR HAÏTI

Samdi 7 dawout 2021 an nan okazyon pou nou priye pou ayiti. DIASPORA EN PRIÈRE POUR HAITI te reyini nan legliz Heritage Christian Academy pou yo mande sekou pou ayiti. Nan okazyon sa nou te rankontre ak anpil pèsonalite tankou: Maitre Marc Wood ki se youn nan òganizatè yo ki te fèn konnen kijan yo vle met tèt ansanm pou yon lòt Ayiti.

Aprè sa nou te jwenn ak yon salmis ki se: Sheimyrah Mighty ki te pale kontantman li an anglè pou BonDye mete ayiti nan pla men li.

Nou te vire wè ak yon lòt moun ki te òganize gran priyè sa, sete sè  Mara Vilmé ki li menm li vle wè Ayiti sou yon lòt ang men pa sèlman voye lajan men fòk nou ka patisipe aktivman nan travay Ayiti mete men nan pat lan pou nou fè yon bon pen.

Nou te pale ak yon direktris Radyo ki se Dr. Marie Carmel ki gen yon radyo Long Island ki se Radyo Kreyol, li se doktè sante li kite lame amerikèn nan grad colonel, kounya li pote zam BonDye an, annou swiv li ak anpil atansyon.

Nou te ansanm ak adoratè pastè  Erick Charles ki gen yon gwo ministè sou fanmi epi  evanjelizasyon. 

Jou sa sete yon jou beni ak frè Polycarpe ki tap beni nou nan anpil chan ki tap tranpe nanm nou pou glwa non BonDye, atis lan te gen anpil bagay nan men li, epi li komedyen tou.

Nou te gen nan jèn nan ak nou Pastè Violy Novembre youn nan responsab manm òganizasyon an, ki tap fè nou santi ke nou kapab konte sou Jezu pou delivrans Ayiti, pòt legliz lan ouvri pou tout moun ki nan long Island. 

Men playlist pou tout interview yo:

Redaksyon: Pasteur Patrick Joachim | RTLA NY