Jodi ki te 21 jiyè 2021 an nan emisyon levanjil san frontyè te gen yon gwo pwen ki te diskite sou kretyen sijè an te:””IDANTIFYE GRENN KLOU KI NAN LAVIW LAN. Emisyon sa te vini ak yon illustration sou de jèn kap marye epi yap chèche kay, yo vin jwenn kay lan epi mèt kay lan di yo pa retire grenn klou ki nan plafon salon an, epi nan resepsyon an mèt kay lan vin ak yon rat mouri li marel nan klou an wi te gen anpil koze sou grenn klou sa.
2- epi li te pale sou sijè jenès lan fas ak legliz sete yon entrodiksyon pou ouvri ak kòman pastè yo ta dwe mete yo nan po jenès lan pou mennen yo a bon pò sete yon emison sove nanm an nou swiv ak pastè Patrick, rale plimou ak kayew pran nòt…