NAN EMISYON LOUANGES A L’ETERNEL JODI DIMANCH KI SE 18 JIYÈ 2021 AN AK SOEUR KERGOOSE SINGER GABRIEL.
Sijè an tire nan Sòm 59 vèsè 9 met konfyans ou nan BonDye. Li te antre ak yon chan ki rele””À jamais”” ak sè Sandra. Men sijè ki tap trete andedan emisyon sa sete adore BonDye ak tout kèw! te gen yon bèl louwanj ak James Alcindor ki se:”” fèm wè glwa ou pou toutan””panse jounen an sete nan Sòm 59 vèsè 9, Bondye se yon fòs pou tout moun ki pèdi fòs lè nou konfye nou nan BonDye.
Yon lòt adorasyon ak frè Brutus nan:””Aktive pwisans ou””te gen yon priyè sasèdotal ak soeur Gabriel se la li te met yon fen ak yon mizik Afriken ki gen pou tit:”” Hallelujah challenge””.