Piblikasyon

Jenès la fas ak sosyete a

Nan emisyon l’Évangile sans frontière mèkredi 14 jiyè 2021 a pastè Patrick Joachim gen yon gwo sijè lap trete koze jenès lan fas ak sosyete a, kote ki gen plizyè pwen lap trete nan sijè sa ki se: Fanmi, Legliz, lekòl, militè ak lari a, tout konpòtman sa yo de jenès lan, lekti a se nan: pwovèb 22 vèsè 6, jodi mèkredi an li te rete sou fanmi, kote li te antre nan Bib la nan Efezyen 6 vèsè 1 a 3 pou ti moun yo kapab obeyi ak paran yo, epi vèsè 4 lan ki te pou paran yo, pou pa joure timoun yo, pa di yo nenpòt mo ki sot nan bouch nou. Rale plim ak kaye annou swiv ak atansyon.