Piblikasyon

Nwit lan ap avanse, mete w’ prè!

TIKOZE SOU LAJENÈS se yon emisyon ki gen apil koze a tout jèn yo ki toujou pase chak lendi ak pastè Gustave Lazarre. Nan emisyon jodi lendi an ki te 19 jiyè 2021 an te gen yon bèl sijè kite nan Women 13 vèsè 12, avan sa li te fè yon gran deba pou nou pa enkyete nou pou anyen nan Jan 14.
Sijè jodi an sete: Nwit lan ap avanse, mete w’ prè.Nwit lan avanse, sa vle di tout pwoblèm ou yo se nwit lan ki la, maladi, touman e latriye, tout se nwit lan. Jenèz 1 vèsè 2 a 4.

Epi li tap pale nou de retou BonDye nan plizyè liv nan Bib lan, ak kèk vèsè kle pou nou te ka konprann kijan pou nou kenbe tèt nou paske nwit lan ap apwoche fòk nou kite lanp nou limen, nan tout sans pou nou pa kite fènwa bare nou. 

Ebyen annou swiv ak atansyon pandan wap pran plim ou ak kaye w’ pou w’ pran nòt epi nanm ou ap beni. Swiv ak nou…