LENDI 26 JIYÈ 2021, TI KOZE AK JENÈS LAN.
2ème epizòd la nan sijè an ki se:
NWIT LAN AP AVANSE METEW PRÈ.
Toujou nan Women 13 vèsè 12 lan
Pastè Lazarre te pran yon apwòch ke tout mal yo fèt nan fènwa, li te pran egzanp prezidan yo ke yo egzile nan nwit, epi fèk pase la yo asasinen yon prezidan, men lòm pat kreye pou yo te viv nan fènwa daprè Jenèz 1 vèsè 1 a 4.
KISA KI RANN FÈNWA AN.
Se peché,peché an se pa sèlman adiltè,fònikasyon elatriye,men lèw neglije travay BonDye ou peché,lòm te deside al viv nan peché paskel te dezobeyi ak Dye.
JENÈZ 3 Pale de konsekans fènwa koze ak lòm nan dezobeyisans a Dye. Tout travay du sa yo, tout paka byen manje sa yo se nan nwit lan wi kap apwoche an.
LANMOU BONDYE POU NOU.
Jan 3 vèsè 16, an bon tèm se bay sòw posede kap fèw mal lan. Li te antre nan Women 3 vèsè 23 pou kisa, paske pat gen moun ki te ka vin ban nou lavi Simon ke lanmou de Dye nan Jezi pou nou.
KI JOU SA MENM KI NAN WOMEN 13:12 LAN.
Ebyen banm diw byen jou sa pa saba, li pa jou dimanch adorasyon nou yo, li pa yon jou viza, ni travay men se jou delivrans nou, jou fen an, jou kote nou pral di map adorew tankou zanj yo. 1 Tesalonisyen 5 vèsè 4-5,1 Tesalonisyen 4 vèsè 16, ak anpil lòt vèsè ki pou te kore tout bagay nan jou sa.
Kesyon map pozew èskew prè pou jou saaaaaa….,bon ekout.