ABC LEVANJIL la antre lakay ou jodi madi 10 Dawout 2021 an ak Women 9
BONDYE CHWAZI PÈP IZRAYÈL LAN SELON LI MENM.
1- Apot Paul nan 5 premye vèsè yo li eksprime santiman li pou pèp Izrayèl lan,tristès ak chagren li pou pèp Izrayèl lan,li tou pale de privilèj Jwif yo genyen.
2- Nan vèsè 6 a 13 lan apot lan pral fè nou konnen kijan linye Izrayèl lan ye,sa vle di gen diferans ant posterite e pitit,ou gendwa fèt nan yon fanmi kretyèn men ou pa pitit promès.
3- Mizèrikòd BonDye depan de volonte li: vèsè 14,Apot lan kontinye poul di BonDye pa enjust se chwa li te tonbe sou Jacob, epi anpil lòt Pawòl de konsyans espirityèl ki te pale pou nou konnen ke nou pa gen dwa konteste ak Dye
Kesyon mwen pou ou: èskew se yon posterite, oubyen yon pitit BonDye? An swiv ak anpil atansyon.