Dimanch premye dawout 2021 an emisyon louwanj ak Letènèl antre lakay ou, sijè ki te pale nan emisyon sa ak sè Kergoose Singer Gabriel sete: POU JAN BONDYE PROTEJE LAVIW BAL AKSYON DE GRAS.
Chan adorasyon ke nanm nou tap tranpe an sete ak Sè Esther””Pas un pas sans toi””.
Yon chan de konba ak frè Spencer ki rele””Banm pase”” gade levé kanpe pouw antre nan adorasyon sa ki gen yon melanj konsekrasyon, rele anmweyyyyyyy banm pase.
Nou tou antre ak panse jounen an ke nou twouve nan liv 1 Jan 2 vèsè 5.””youn nan fason ke nou ka montre ke lanmou BonDye nan nou se pratike Pawòl li atache ak li.””
Epi anbyans mizikal te kontinye ak yon louwanj alafrikèn “”IL est bon de louer Dieu.”” Gade siw pa danse kisa ki marew levé, levé, levé kanpe tchineke hoooo
Sè Gabriel te fè yon meditasyon ak tout yon apèl a la konvèsyon nan Sòm 116 vèsè 12.””kòman poum rann a Letènèl tout sa li fè pou mwen yo?”” Ke BonDye kontinye fè gras nan aksyon de gras li ak yon Konpilasyon de Shekina, bon dimanch, bòn semèn!