Jodi a nou vini pou nou pale’w de enpòtans dlo genyen sou lavi nou.
Nòmalman kò nou bezwen anpil dlo pou li fonksyone. Dayè, dlo se Yon eleman abondan nan kò nou.Anviwon 60% pwa kò nou, se dlo ki fòme’l. Ka gen kèk varyasyon an fonksyon de sèks Moun lan paske pousantaj dlo ki gen lakay gason pi plis pase sa ki lakay fi a. Konsa tou pousantaj dlo ki genyen lakay Yon ti bebe, pi plis pase sa ki lakay granmoun yo. E plis timoun sa ap grandi, se konsa pousantaj dlo ke kò li genyen ap diminye.
Sèvo nou, san nou, ak ren nou genyen e yo bezwen anpil dlo pou yo byen fè travay yo.
San nou genyen jiska 83% dlo ladan, e san an la pou li transpòte kèk nitriman ke kò a bezwen ansanm ak oksijèn ke selil yo bezwen pou yo viv tou.
Ren nou yo tou, yo bezwen anpil dlo pou yo fonksyone byen. Paske se ren yo ki la pou filtre san an epi retire dechè ki genyen ladan yo pou yo al tonbe sou fòm irin (pipi) ke nou menm nou pral jete yo. Ren yo genyen plizyè ti nefwon ladan yo, nefwon sa yo nou ka konsidere yo tankou Yon seri de ti ajan ki la pou fè netwayaj la lè san an vin pase ak dechè yo nan ren an. Donk nefwon sa yo pran dechè sa yo nan san san nou, yo fonn li avek dlo epi yo lage dechè sa yo nan pipi nou pral jete a.
Tout sa se pou nou diw kòman li enpòtan pou’w bwè dlo regilyèman chak jou.
Gen anpil lòt travay w’ap anpeche kò a fè byen si ou neglije bwè kantite dlo ke kò a bezwen an.
Sèvo ou tou li bezwen dlo pou li byen fonksyone jan li dwe byen fonksyone a. Idratasyon an jwe Yon gwo wòl pou kò nou paske gen anpil ògann ki bezwenl.
Malerezman, gen anpil travay kap fèt nan kò nou chak jou ki fè nou toujou ap pèdi dlo. Eskew te konnen menm respire ou respire se Yon kantite dlo ou pèdi?
Ebyen nou oblije respire pou nou viv, poutan nou pèdi Yon ti kantite dlo nan respirasyon nou chak jou. Nou pèdi dlo tou lè nap pipi, lè nap swe, lè nou ale nan twalèt. Kantite dlo nou pèdi chak jou nan aktivite sa yo ka ale jiska 2,5 l. Donk nou wè li enpòtan pou nou ranplase dlo sa pou kò a pa sispann byen fonksyone!
Se nan kontèks sa nou panse li ap bon si ou fè efò pouw bwè anviwon 1,5l dlo pa jou, paske rès dlo ou manke a wap jwenn li nan aliman wap manje yo epi bwè yo, san bliye ke kò a pwodwi Yon ti kantite dlo tou gras ak metabolis kap fèt ladan yo.
Kantite dlo ke Yon moun dwe bwè depann tou de klima a avek ki jan de aktivite li fè. Si li fè Cho anpil, sa ta vle Di ke ou ka bwè plis ke 1,5 l dlo nou Di a. Konsa tou siw fè egzèsis fizik anpil, sa vle Di ou swe anpil, donk li enpòtan pou’w bwè plis dlo pase Yon moun ki pa transpire tankou’w. Paske nou pa pèdi menm kantite a menm jan.
Gen kek maladi ou ka komanse evite siw bwè anpil dlo. “Calculs rénaux” ke nou menm Ayisyen nou rele pyè nan ren, se Youn ladan yo. Ou kapab evite pran maladi sa siw bwè ase dlo pou ren yo byen fonksyone.
Donk, an nou kontinye bay kò nou kantite dlo li bezwen pou li byen fonksyone, paske san dlo, anpil pati nan kò nou ap gen gwo pwoblem. Nap pèdi dlo chak jou, nou dwe panse a ranplase sa nap pèdi yo, konsa nap toujou rete an sante.