Madi 27 Jiyè 2021 ABC levanjil antre lakay nou ak Women 8 vèsè 9 a 17
SIJÈ: SENTESPRI NAN NOU.
1-Sentespri abite nan nou, depi nou se Kretyen kèlkeswa kote nou ye nan mond lan Sentespri abite nan nou ki vle di nou pap viv selon chè nou.
2-Sentespri kondwi nou pou nou pa aji nenpòt jan, pou nou ka pa pran nenpòt desizyon nan lavi nou, li kondwi nou nan bon chemen tankou pitit BonDye.
3- Sentespri fè nou konnen ke nou se pitit BonDye, nan pitit BonDye nou gen 5 privilèj ke nou jwi nan lavi nou.
A- Nou gen yon non nouvo: Apokalips 3 vèsè 12
B- Nou resevwa Don Sentespri a
C- Nou gen aksè poun antre kay BonDye lè nou vle.
D- Li mizèrikòd, ak nou, li ba nou baton tou.
E- Nou eritye tout pwomès salu BonDye fè nou.
Nou te jwenn tout pawòl sa yo ak anpil vèsè ki pou te fè nou konprann pi byen.
Mwen gen de kesyon pou ou:
1- Wap mache nan lachè, oubyen nan Lespri?
2- Èskew santi vre kew se yon pitit BonDye?
Poko banm repons swiv emisyon ak atansyon, aprè wa reponn…. Bon ekout.