Piblikasyon

L’Education pour une nouvelle Société

Jodi samdi 7 Dawout 2021 an te gen yon emisyon espesyal ak Evanjelis Myrlande Buissereth ki tap eksplike pakou li nan levanjil, li te nan katolik dabò li wè pat gen anyen serye, li kite pou l’ vin anbrase gras BonDye, li se yon antreprenè, yon konseye.  Li te  pale de kijan edikasyon legliz ak ti moun yo dwe fèt, kijan legliz dwe pran responsabilite l’ fas a fidèl yo, men gwo sijè ki te pale an sete: YON LÒT EDIKASYON POU YON LÒT SOSYETE.

Te gen anpil lòt Pawòl ki te pale kote nou kretyen dwe konpòte nou an kretyen, viv pou BonDye, e pou nou aprann a idantifye pastè BonDye rele yo, pou nou sispann chita devan chalatan, an nou swiv ak frè Jacob.