RTLAMag

Histoire | #1 | Wendy DROICIN


Se tout yon plezi pou nou salye w’ nan non Senyè Jezikri nou an, non pa m’ se Wendy  DROICIN, mwen se youn nan kolaboratè nan RTLA nan Repiblik Dominikèn.

Jodia nou vini pou nou prezante w’ seri evanjelik “YON TI ISTWA.”

Yon ti istwa se yon seri an desen ki gen rapò ak bagay espiritywèl ak sosyal, nan seri sa, n’ap genyen pou n’ prezante w’ divès kalite pwogram tankou :

  • Evanjelizasyon sou fòm istwa
  • Enstrikyon Biblik ak imaj
  • Kèk temwanyaj vivan sou yon seri de istwa ke n’ap prezante w’ nan seri sa.. 

Anndan seri ” YON TI ISTWA ” n’ap genyen aktè ou pèsonaj yo ke n’ap prezante w’ an desen ki ap fasilite w’ byen konprann seri sa e n’ap di w’ rete branche pou swiv tout epizòd nan seri evanjelik sa.

Ke lapè BonDye bay nan Sentespri a e gras li fè kado nan Jezikri a avèk ou!

Jodi a nap prezante w’ chak aktè ou pèsonaj ak imaj yo:

MEN AKTÈ YO OU PÈSONAJ YO KI PREZANTE TÈT YO.